COMMENT S'ÉLEVER SPIRITUELLEMENT
Ce blog vous permettra de découvrir le pouvoir mystique en vous.

Thèmes

DEFANS actualité annuaire bienvenue blog defans encens kont awousa la bible les plantes médecins sans fontières misyon nou

Rubriques

>> Toutes les rubriques <<
· ANNONCES (2)
· ASTROLOGIE (0)
· HAITI ET SA BEAUTÉ (0)
· LES SECRETS DE LA BIBLE (2)
· OSER,POUR ATTEINDRE LE ROYAUME (0)
· REMÈD LAKAY (0)
· RESÈT NAN VODOU LAKAY (5)
· VERITE SOU TANBOU (1)

Derniers commentaires Articles les plus lus

· LA BIBLE,UN LIVRE CODÉ
· L'UTILISATION DE L'ENCENS
· L'UTILISATION DES PLANTES DANS UN BUT CURATIF,BIEN OU MAL?
· HOMMAGE AUX MÉDECINS SANS FONTIÈRES EN HAITI
· Awousa

· Protégez vous des maladies sexuellement transmissibles
· Pour vos publicités,contactez nous au (509)4644-1042
· LISTE TÉLÉPHONIQUE DE QUELQUES MÉDIAS A PORT-AU-PRINCE
· PI GWO MAJI POU KENBE YON FANM OUBYEN YON NONM
· Legliz
· RECÈT LAKAY
· defann tèt nou
· PREMYE MISYON NOU SOU TÈ A
· REMÈD LAKAY
· Pour vos publicités,contactez nous au (509)4644-1042

Voir plus 

Abonnement au blog
Recevez les actualités de mon blog gratuitement :

Je comprends qu’en m’abonnant, je choisis explicitement de recevoir la newsletter du blog "stcharlesjames" et que je peux facilement et à tout moment me désinscrire.


Blogs et sites préférés

· anacaona
· Hazael
· hotmail
· google
· twitter
· facebook
· yahoo


Rechercher
Statistiques

Date de création : 14.07.2012
Dernière mise à jour : 01.11.2012
16 articles


Resèt lakay

Publié le 01/11/2012 à 16:26 par stcharlesjames Tags : Resèt
POU FÈ YON MÔ ALE CHACHE CHANS POTE BA W:si w gen yon manm nan fanmi w ki mouri,si moun nan te renmen w,achte yon pè sandal nèf,mete grenn dwat la sou jenou dwat li e grenn goch la sou jenou goch li nan sèkèy la,epi di l "men sa mwen ba w pou w ka mache chache tout sa ki bon pou mwen". POU FÈ YON FANM PALE NAN DÔMI:pran yon krapo vivan,koupe lang li epi lage krapo a tou vivan kote w te pran l la.Pandan fanm nan ap dômi sou do nan aswè,mele lang krapo a sou pati kè li epi lap reponn tout kesyon w poze l. POU EKZILE YON MOUN KAP PÈSEKITE W:achte yon ti bato an bwa,mete ladan l: mayi,diri,pwa,bonbon,pistach...,mete yon poupe gason ladan l oubyen yon poupe fi,depandaman de seks moun kap nwi w la,siw gen foto l,kole l sou poupe a.Ekri non moun nan 7 fwa nan do yon imaj sentekspedye ke wap depoze a pla nan bato a epi fè yon lanp nan yon po krab ak lwil toumant chita mete sou imaj la.Limen lamp la a midi tapan,fè demand ou epi voye bato a ale sou lamè.

REMÈD LAKAY

Publié le 26/09/2012 à 21:52 par stcharlesjames Tags : remed lakay

POU W KA GEN BÒN MEMWA

Pran ji 3 chadèk,mete 3 grenn sèl ladan l ak anpe siwo myèl.Wap bwè l 3 fwa pa jou.

POU MOUN KI GEN TOUS

Bwè te planten,manje anpil kreson ak anpil lay.

KONT TÈT FÈ MAL

Pile fèy bale anmè,fè konprès,mare sou tèt la.Ou ka fè te ak li pou w bwè 2 fwa pa jou.

POU TIMOUN KI GEN VÈ

Fè legim koupye pou timoun nan chak jou.

KONT OPRESYON

Graje 2 zonyon dilin vide 2 ze poul peyi ladan l ak yon kiyè lwil maskreti.Bat yo ansanm epi bay timoun bwè demi vè,bay granmoun yon vè.

VOMISMAN,MAL KAMYON

Bouyi yon jenjanm ak yon moso kanèl.Bwè te a avanw vwayaje.

KONT REFWADIMAN

Bwè te ekaliptis oubyen fèy choublak

POU GASON KI PA SOU ANYEN

Nan yon ti kleren,mete safra,bwa kochon,lyann bande ak yon ti gout sitwon,epi bwè l.

KONT ENFEKSYON

Graje 2 militon,mete yon ti sèl ladan l epi bwè l.

POU MOUN KI FÈ SIK

Nan diven wouj,mete yon moso lalwa,7 sitwon vèt,3 ekòs 3 zòm fò ak yon ti sèl epi bwè l avan w manje.

POU MOUN KI GEN GAZ

Bouyi fèy fobazen ak 3 dan lay ak yon ti sèl,epi pran l chak maten.

POU TIMOUN KAP PIPI NAN KABANN

Ba li bwè yon vè te platen chak swa avan li dòmi.

POU FÈ YON MOUN KITE FIMEN

Pran lyann legliz,bouyi l ak sigarèt ke moun nan abitye fimen an epi ba l bwè l.

POU FÈ YON MOUN KITE BWÈ KLEREN

Graje yon moso zonyon vyolèt,mete l nan yon gode ak yon ti kleren,epi bwè l pandan 2 fwa ak tout ma yo.

POU ILSÈ AK ASID

Bouyi 2 branch pèsi nan yon tas lèt bèf,mete siwo myèl ladan l epi bwè l pandan plizyè jou.

KONT DOULÈ RÈG

Fè yon te ak anpe fèy amwaz oubyen fèy pèsi.

POU FÈ POW BÈL

Blende kawòt ak fèy zepina epi bwè l.

POU MOUN KI GEN MÒPYON

Grate tout pwèl ou epi pase yon moso sitwon ak yon ti kleren sou yo.

POU MOUN KI PAKA DÒMI

Mete echalòt nan manje w chak fwa wap manje

KONT MALADI FWA

Melanje ajil blanch,vitamin venorey,te aticho ak sitwon,melanje tout ansanm epi bwè l.

KONT ENFEKSYON VAJINAL

Bouyi 2 oubyyen 3 fèy pwa kongo aplike sa pandan 7 jou.

POU FANM KI AN PÈDISYON

Fanm nan ap pran yon lavman,aprè sa lap bouyi 3 gwo moso bwatchenn nan yon galon dlo,pandan 15 minit.Lè li frèt fanm nan ap bwè youn vè chak maten ak chak swa.

POU MOUN KI FÈ KÈ

Chak jou manje yon dan lay,pa bwè alkòl,pa fimen.

POU MOUN KI GEN TANSYION WO

Bwè te boujon fèy zanmann,bwè te fèy pèsi.Mache pye atè pandan kèk minit epi chak maten benyen ak dlo fret.

POU MOUN KI GEN BIL AK GAZ

Bouyi fèy lougawou,gwo ten ak fèy amwaz epi bwè l.

POU MOUN KI GEN TANSYON BA

Chak maten bwè yon tas te ki fèt 3 fèy kachiman ak yon fèy lougawou epi bwè yon tas kafe fò,jiskaske w santi w byen.

POU GASON KI GEN ÈNI

Chofe 2 fèy chou epi poze l èni a.

 



PI GWO MAJI POU KENBE YON FANM OUBYEN YON NONM

Publié le 11/09/2012 à 14:49 par stcharlesjames Tags : resèt

Meyè fason pou kenbe yon fanm ouben yon nonm se ba li lanmou,tandrès ak afeksyon.Konsa,li pap janm kite w,menm lè nan moman foli li ta ale,li ap retounen kanmenm.Men pafwa lè yon gason oubyen on fanm bezwen kenbe yon moun ke yo renmen ak pou yo fè moun sila pa wè nan okenn lòt moun,yo pran kilòt oubyen eslip moun sila,yo fann yon militon blan,yo pran 2 moso kè militon an,yo mete l nan fouk eslip oubyen kilòt la,yo ajoute yon ponyen sèl ak anpe siwo kann,epi yo anvlope yo nan kilòt ouben eslip la ak fil fisèl wouj.Lè yo fini,yo antere l nan yon kafou oubyen nan simityè.Souvan o fè rityèl sila yon jou vandredi swa,yo limen 3 bouji nwa.Pandan tout operasyon an yo pa janm sispann repete [se pou ….N….vini frèt pou tout lòt "fanm oubyen gason",se pou mwen sèlman poul gen chalè e se mwen sèlman pou l wè.Se pou sa fèt nan non papa,pitit la ak lespri sen a].Epi yo resite 3 pater ak 3 ave.Aprè resèt sila,yo benyen moun nan ak yon melanj dlo degoutans,dlo repiyans ak dlo lese m atò,pou lòt moun pa enterese a moun sila.

Lè yon fanm oubyen yon gason ale kite yo,pou yo ka fè l tounen,yo pran yon imaj sent Magerit,yo beni l,yo ekri non moun nan 7 fwa dèyè do imaj la,epi o kole l nan mi kay la,yon kote pa anba,pou yo ka limen yon lanp devan l.Yo koupe tèt yon kokoye wole,yo jete anpe nan dlo kokoye a,sou rès dlo ki rete nan kokoye a,yo ajote lwil doliv,poud fòw vle,sa m di se sa ak presipite blan.Yo ekri non moun nan sou yon moso papye ke yo mete nan kokoye a,yo ekri non moun nan sou yon lòt moso papye e yo mete kokoye a chita sou li.Yo mete yon mèch ladan l,yo beni l,yo limen l epi yo fè demand yo.

Yo kite lanp sila limen pandan 7 jou nan kokoye a epi detanzantan yo ajoute lwil ladan l,pou l pa etenn avan 7 jou a.Souvan yo limen jan de lanp konsa lè vandredi.  



Protégez vous des maladies sexuellement transmissibles

Publié le 11/09/2012 à 13:48 par stcharlesjames Tags : PUB1

La vie est précieuse,protégez vous des grossesses précoces et des maladies sexuellement transmissibles,en faisant l’abstinence,ou en utilisant des préservatifs.



LISTE TÉLÉPHONIQUE DE QUELQUES MÉDIAS A PORT-AU-PRINCE

Publié le 10/09/2012 à 15:46 par stcharlesjames Tags : annuaire

radio Mega star...22262493,34622607......Signalfm....28126666---Ginen....29491738-----Lumiere.....39342304,28167618---RCH 2000....38832868-----Vision 2000......29411410----Melodie....29426520 Caraibe........28139450,28132222---Galaxie...22267451,37911155 Tropic fm......31223083-----Indigene.....22264517,22264518----Vasco....47775721----Zenith......22269522----Scoop....34527557,37154242---- Tele....Haiti.....29433000-----Nutv.....29110000,01,02,03,04------tele Super star....28166868-----tele Pluriel....48110121-----ATV42......29424750



Pour vos publicités,contactez nous au (509)4644-1042

Publié le 07/09/2012 à 18:44 par stcharlesjames Tags : pub

ce blog est la meilleure place pour vos publicités,car nous vous offrons le meilleur prix et le monde.



Legliz

Publié le 12/08/2012 à 14:33 par stcharlesjames Tags : Nanm nou
Yon moun ki entelijan toujou bat pou l viv an espri le plis ke posib paske li pa fèt sèlman de la chè,men li gen yon lespri tou ki bezwen pryè,meditasyon,bon zèv ak lôt bagay ankô,pou l devlope.Jounen jodi a,anpil pastè,pou yo ka fè kôb,preche moun sèlman kôman pou yo satisfè la chè.Men yo pa janm montre moun yo kôman pou yo amelyore la vi espirityèl yo.Piske la mizè pa dous,tout moun ap kouri dèyè pastè sa yo.Kidonk,legliz yo toujou plen moun.Menm lè anpil nan moun sa yo pa gen pwofesyon,yo jene maten midi swa sou kont "bon Dye bon",san yo pa konnen ke bon Dye ap beni w a pati de sa w gen nan men w.Lè Moyiz te sou môn nan,bon Dye te mande l kisa l gen nan men l,li te reponn "yon baton".Se apati de baton sila ke anpil mirak te fèt.Matye 25 vèsè 29 di "moun ki genyen,yo ap ba li plis,men sila ki pa genyen an,yo ap retire ti sa l posede a nan men l".Frè m ak sè m yo,pandan nou ap chache byen materyel la,chache byen espirityèl la tou paske nou gen pou n kite plan fizik la pou n ale viv nan plan espirityèl la.

Awousa

Publié le 11/08/2012 à 16:25 par stcharlesjames Tags : Kont awousa
Gen plizyè fason pou yon moun vini awousa,moun sila ka rale kôb lôt moun ak yon biyè 10 dola oubyen 10 goud.Men kôman yo fè:pandan batèm yon timoun,marenn nan mete yon biyè 10 dola anba bone timoun nan epi li di kèk mo pandan pè a ap beni timoun nan.kidonk biyè a vini gen menm siyati ak timoun nan,men li ap gen prenon Mari,si se yon fi e Djo si se yon gason.Depi awousa fini ba w kôb la,li di:annale ti Mari entèl,li ap pran tout kôb ki sou ou.DEFANS--si w se machann,mete nan bous ou:7 ti sitwon,7 grenn pwa wouj,7 grenn mayi,7 chabon dife etenn e lè yo baw kôb la,chire yon ti pwent ladan l epi di "ti Mari oubyen ti Djo pap fè yon pa.OUBYEN--mete nan bous la:wowoli,sèl alkali,yon chabon beni,7 grenn bale dou ak yon tèt lay.Gen moun ki gen yon pwen ki rele ti pengi pou l rale kôb.Se pike li pike pôch ou ki fè kôb la ale.DEFANS--fwote fèy bale wouze nan anpe florida epi friksyonnen tout kôw avè l,epi malè sa pa gen dwa janm rive w.

defann tèt nou

Publié le 11/08/2012 à 14:45 par stcharlesjames Tags : Resèt
KONT CHAJ--si yon moun pase sou yon chaj,pou l debarase l de li,lap lave pye l ak pipi ki gen fèy gate sa fwote ladan l.POU KENBE YON MÈTRYE--pran san moun yo touye a,pandan l cho,mete l nan dife pou l boule.Kriminèl la pap ka sove.Menm lè l te gentan ale,li ap tounen.POU REKONÈT YON SÔSYE--mete sèl,tè simityè ak 2 baton medsyen an kwa,sou wout moun nan.Si li se yon sôsye li pap ka pase.POU ETENN YON LANP MONTE--limen yon recho chabon,kanpe nan pa pôt kay ou a,bay la ri a dow epi mete recho dife a dèyè dow,panse ke l ranplase lanp monte a.Kenbe yon kivèt dlo nan menw,pase l sou tèt ou epi vide l dèyè dow pouw etèn dife a pandan wap di:nan non papa,pitit la ak lespri sen an,se pou tout lanp ki limen kont mwen etenn nan moman sa.Si w se yon inisye bay mo grad ou a.SENP POU ANPECHE MOVÈZESPRI RANTRE LAKAY OU--trase yon kwa sou do yon chodyè epi chavire l nan mitan kay la.OBYEN--yon samdi,boule nan mitan kay la:7piman bouk,4 tèt aran sèl,alkali,wowol ak fèy zodevan.epi fè tout moun nan kay la travèse la fime a.

RECÈT LAKAY

Publié le 18/07/2012 à 22:03 par stcharlesjames Tags : DEFANS
SI YON FANM DIFISIL POUL AKOUCHE.......wap bouyi 9 ze peyi lè ze yo kwit wap ba li bwè dlo a ak 3 grenn sèl. KONT LOUGAWOU....boukannen yon zoranj si epi pike 7 egwi san machande ladanl.Koke l yon kote anlè nan kay la oubyen mete l anba kabann nan. KONT MAL DYÔK........leve nan maten san pale ak pèsôn,lave pye goch ou ak men dwat ou nan yon kivèt,souke dlo nan bouch ou 3 fwa vide ladan l,mete 3,5 oubyen 7 grenn sèl ladanl,beni l epi benyen timoun nan avè l. POU CHA M NAN VANT.......fè timoun nan bwè yon te ki fèt ak 3 boujon tomat. KONT LOUGAWOU.......friksyonnen timoun nan ak yon konpozisyon ki fèt ak 7 moso lalwa,7 grenn sèl,yon tèt lay vyolèt,anpe poud tabak ak ape lwil maskreti.avan ak aprè resèt la,boule fèy tabak pou fè la fimen. KONT MOVÈ ESPRI.......movè zespri paka rantre sou moun ki pote yon moso jenjanm amè sou li. BENY OUBYEN BOUTÈY KONT MALEFIS........fwote nan dlo lamè fèy ave,koulant,sousi,bwa nago,bwa kk,ti bonm,kadav gate.Siw pa jwenn youn nan fèy sa yo,ou ka ranplase l pa amwaz.